ZENSÈL LANMOU
ZENSÈL LANMOU
GWOUP FLÈ AK PWEZI
Sou direksyon Jean Verdin JEUDI (TOLI)
4 Dawou 2016
Lè mo ak mo kole tèt, tout lide vin lejè tankou pay ».
Zensèl lanmou se yon inisyativ yon ansanm ekriven ki nan yon gwoup literè ki rele « flè ak pwezi ». ekriven sa a yo gaye nan tout kwen peyi a, pifò nan yo pa janm kwaze fas a fas. Yo pati ak lide pwezi kapab envante pwòp mond pa li pandan li ap eksplwate materyèl le-gzistans powèt la.
Konstriksyon sa a fèt apati yon retay pwezi nou seleksyone nan piblikasyon ekriven yo fè sou gwoup la, ki an kreyòl epi ki pale de lan-mou. Se yon fason pou nou souliye pou lektè yo, yo dwe konsidere chak ti moso tèks kòm yon sengilarite ki marande ansanm pou kons-twi totalite zèv la.
Jean Verdin JEUDI
Ou pòtre lalin
Ki jouke douvanjou
K ap fè je sole
Fè Jalouzman
Si chak grenn mo
Ki tradui bote
Te ka pale
Pòtre w t ap yon liv
Ki chaje
Ak tout kalte pawòl
Ki pou fè Bondye
Chanje sèks
Marckenson Mathurin (Marc Louverture)
Cheri
Depi m wè lèv ou
Krache
Plen bouch mwen
Vini nou neye tan an
Nan yon sousad
Depi m wè bouch ou
Lang mwen pa konn
Sou ki dan poul chita
Vini non
Vini n fè yon kachkouch
Ak yon grenn sirèt
Tilus Stevenson & Ganaël Esprit-Saint
Map file bèlte w
Latranblann
Pran m tout nan dwèt
Epi m ap jofre
Nòs mwen avè w
Sou fil yon rèv
San lin-de-myèl..
R. Deewoy Desrosiers (Deewoy)
Tonnè boule m
Jou m jwenn
De fanm tankou w
M’ap pran kriye
Pou tantasyon sote tèt mwen
Christopher Jasmin (Né d’hier)
Nan ale vini lan nwit
Nan tou somèy
Mwen kwaze lalin
kap goumen ak soléy
Fè nwa pete je m pou m pa wè
Jan pye lalin lejè
Li ka koupe jouk li kase bajoul
Witchel Azor (Chelot)
Vlope kè m nan tche wòb ou
Pou swè kò w
Gwosi lanmou m
Jean Verdin Jeudi (Toli)
Bèlte w kreve je douvanjou
Pa di m devègonde
Si zetwal yo depoze m
Devandèyè sou tèt djyòl ou.
Si santiman m ta mare
Nan kòd lonbrit ou.
Selmy Accilien (Seldjy)
Cheri
Padone m
Si w wè beze m pa mouye
Pa kite jalouzi sivoke w
Se pa lòt bouch ki prije l
Tout dlo nan djòl mwen
Pase nan benyen
Timoun lari
Toli
Pou ou kapab li rès tèks yo, telechaje dokiman pdf la