GAZETTE A LA JEUNESSE
pa mete komprès
Si lavi a pran nan près
Nan kanaval demagoji Majigridi ti soufri,
Pa kwè nan la politès
Nan seremoni
Kay aloufa gwo vant ti lespri
Kap toupizi pipiti
Poulpa grandi,
pa chante mès
Ni aplodi tonm blanchi
Bouch li rete toulouvri
Pou angloutilavi
Sou chimen fenwa legsistans
Kote lespwa ap bay lodyans, mannigans, vanjans ,Rans, devyans,
Kitem pati al fè lapenitans.
Lizyè lespwa badijonnen ak pikan kwenna,
Bastengal soutyenm kale mwezi
Nan chita gade cheve letan kap blanchi,
Pa gen mezi pou mezire tan an,
Se gwosi m’ gade lap gwosi tanzantan.
Lajenèspotovi, lajenès, demegri, lajenès rabougri,lajenèsaneyanti
Lajenèsapfèlakilbit
Nan koulwa lavi ki moute bit sou bit.
Nan benyen totouni pa gen kache lonbrit.
Jeunesse, mot insensé, violé, exploité, galvodé
Qui cache l’inegalité,
Mais, elle a du sens,
Entre l’enfance et l’adulte, elle balance.
‘’’Twa fwa, pase la se ladènyeki restera,
J’ai perdu marie , j’ai levé levémariane
Kilè nap sispann tounen debò
Debò miwo miba ?
Ann al bay lavi fouch,
Ann al chanje avni kouch.
Mete menw, kole men, paret lwen,
Vini n, mennen peyin’ pi lwen,
Men, byen veye men kap redil tounen.
Gazèt pou lajenès,
Mwen konnen w chaje ladrès,
Nan menw gen zo pouw’ fè 2 kabès,
Jwe, jwe poun al bat tab lavyeyès,
Pa mete mi pou’n pa pèdi
Byen reflechi wap jwenn li.
Chemen long gonbo di,
Men akpasyans nap jwenn trip foumi.
Nou vanse pèdi sèvèl
Nan siveye bonèt lakansyèl,
Paret penyen bab foumi ti très,
Ann al bay avni karès.
Nan fon basen dezagreman,
Map gad sosyetem san nanm
Tankou yon zonbi bouch mare
Yap fòse pale.
Sur le pont “madichon”
On y dance, on y dance,
Sur le pont d’exploitation,
On y dance tous en rond.
Yon dans vire won, yon dans klopiklopan,
Sou yon tanbou ki genw son vonvon :
Se tou pam, se kou pam,
Banm pran pam,
Pran paw, banm pam
Pèsonn pa koupab,
Tout sak pa bon se djab,
Podjab pou djab.
Nou se kolonn vètebral legzistans,
Kalfou kote tout moun kwaze,
Ann al ranmase debri lakonesans,
Poun’ al bay lavi sans.
Boukante inyorans ak konpetans,
Voyemizen’ sou konesans olye de chans
Poun’ al chanje peyi a kadans.
Pa ret kwaze lebra devan figi lavi kap plise,
Pa rete jebede tankou ti bebe
Devan rev lespwa kap seche
Moute sou do chwal konsyans
Poun’al keyi lespwa sou tab lalin,
Ann al chanje kouchèt nan dèyè kouraj ki gen laboulin.
Lajenès, ou gen zo 2 kabès,
Jwe poun’ pa pèdi jwèt la,
Ou se senti lespwa,
Ann al gad kot solèy jouke bwa
Poun’ al pran poul poun’ chase fènwa,
Pa gen sekrè nan fè kola.
Toli et chelot
CHANY
chita laa,
Sou ti chèz ki pi baa
kitem klere soulyew,
Kitem bay pousyè kalòt nan pyew.
banm lave jem nan fant janm lavi,
banm pran jòf mwen ak plezi
se laa ase mwen ka wè kilòt li,
menm sim pa ka touche, mwen a wè fòm li.
chita depite,
se laa ase nou sonje egzistans malere
banm pran 5 goud pam nan nan mago Letaa
se laa ase mwen ka goute gato kap separe sou non pèp la
vini entèlektyèl,
wap konstrui machin pou potew al viv nan syèl,
mwen menm se sèl
ak kwayans nan bondye mwen ka espere syèl.
(TOLI)
Pòtre lakapital
Kap gouye anba vant mòn lopital,
Siw konn jenn fanm ka p lage payèt sou chanmas nan kanaval.
Li ouvè jiponl men lajè sou bisantnè
Pou jofre lòt bò lanmè.
Mwen wè..
Mwen kwè sam wè,
Se pa fè zè
Chemiz li chire, chemizèt li make mizè.
Mwen fè pòtre lakapital
Depi syèl la bave,
Mòn nan trangle,
Anba lavil sivoke.
Move lavi ap fè chemenn kwa,
Mache nan jèn maten kou leswa
Chire soulye,
Kale jenou nan al priye papa bondye.
Mwen pa wè,
Mwwen pa kwè
Jem byen klè
Se pa chèlbè,
Mwen pa fouti wè
Zetwal nan po vant minui,
Ou pa fouti dim nan ki chanm nan syèl la lalin dòmi.
Pa gen pye kajou
Poum al tann gonm pou douvanjou.
Se klaksòn machin ki di lajounenm bonjou,
Leve li jou,
Al gad kot lavi fè bout
Mwen fè pòtre lakapital
Ki ap dodomeya ak mize kwabosal
Ak yon ekspozisyon vivan kap bat pou kenbe pye lavi,
Kote lavi ap manje kout nen kou potovi.
Machin ap pile moun,
Moun anpile nan machin
Kou bèf ki pral labatwa,
Kanpe laa, kenbe laa.
Mwen fè potre lakapital,
Kote lanfè ak paradi ap kwaze lepe,
Se yon tè beni, se kay leta,
Leta pa mache al lwen, li pa la pou sa
Vin anba je Leta,
Wa wè bèl kòtèj kap pase
Wa vale krache,
Wa tranpe dwèt nan bòl pwomès lespwa
Leta
Mwen fè pòtre lakapital.
Kote moun pa pran moun pou moun,
Moun moun pase moun,
Moun ap batay pou yo moun,
Mèt minui mache gwo midi,
Lavi sanble esteril
Mwen fè pòtre lakapital
JEUDI JEAN VERDIN /VERDINO
VWA TANBOU
trakatap katap ka
trakatap katap ka
GOUDOU GOUDOU GOUDOU
Yon tanbou ap fè lésé frapé ak lan nouit
sé kòm si yo fèmin oun pòt
sou douèt loray
pou fè-l rélé
Ay ! yon son ki manke chavire lesprim
4 kawotcho anlè
lan nouit tonbé lan rajé-a
tankou oun choual boua
Listwa antre antre bosal
tou sal
vin salope lavim.
Lanmò dezipe lavi, lavi dezipe lanmò
Viv bò isit viv bò lòtbò,
Li fè nwa tou 2 bò
Men pitom bò isit pasem bò lòt bò.
Rèl, rèl,
Je tèlman gade, li bay bouch kakarèl,
Vin ak mouchwa lanmou,
Lanmou ki rasinen lavi pou
Seche rigòl dlo ki anvi tenyen dife lavi.
Vini bèl kreyati lanati,
po je w tankou on ti fèy wont
ki etenn batri l douvan pye m,
vini poum pete mizik kò w
Lan tout kò m,
Mèch nan lanp bòbèch
Mwen anvi sèch,
Ak gaz ki nan danmijann yon lanmou an penbèch
Vin mouye mèch mwen.
Yon gwo Rèl pete,
Siw konn kout kanno pou salye kavalye,
Tankou lanmè ki gen vant pase
Anndanm ap brase
Mouche tan ap jwe
yon tanbou biskèt tonbe
Tout voum se do !
Tout voum se Dododi dododa
Depi m piti zoup !
depi m piti toup !
zoup ! voup ! toup !
tout rit mizik kwaze
pou salye lavi ki pran latranblad, kap degrengole
san rete.
Nou kanpe sou balistrad lanmò Pou’n gad lavi kap pase
Ak 2 randlo nan je,
Bouki ret dan griyen
L’ap gade lakou a kap kankannen
Ak yon chalè vant vid ki gen kè plen
Gen lannwit lan lajounen,
pa chache kras pen
nan trip foumi, kase tèt tounen
Rit mizik lespwa sonnen byen lwen
trakatap katap ka
trakatap katap ka
zoup ! voup ! toup !
Gade solèy nan je se zafè moun brav,
Sin bese tèt na p gen twòp kadav
Ann bat tanbou lespwa, tanbou rasanbleman
Frape pye’n atè pou’n jete dezagreman
trakatap katap ka
trakatap katap ka
zoup ! voup ! toup !
(yon brasay mo Georges Castera)
JEUDI JEAN VERDIN /VERDINO
Description réflexive
Doux champ de mon premier coup d’aile,
Sur ta nef je traverse l’océan de l’amour.
Tu es à moi ce que le ton est à la chanson,
Le miracle de l’eau dans le désert de la soif.
Tu es mon riz au lalo artibonitien ;
Le KALALOU de mon tonm-tonm jeremien,
Mon thé de gingembre
Et un « kou d’assorossi » dans un soir de décembre.
Dans la nuit noire de la vie,
Je suis la mèche et toi l’essence,
La lampe de notre amour luira toujours.
Tu es l’eau et moi le poisson
Sans toi, je tombe dans le trou noir de la mort.
Oh ! Tu es ma cocotte et moi ton coco,
Tu es semeuse
Et moi, la terre,
Tu sèmes sans conter
Tes grains d’amour
Dans mon cœur.
Tu es femme et moi l’homme,
Sans toi je ne serais pas là.
Tu es toi et je suis moi,
Sans toi, le récipient de mon amour serait vide de sens.
Tu es… tu es…. Tout pour moi.
PROLOGUE
Prologue
De mes vers,
Je laisse mes deux mains étalées sur les pages
Pour câliner vos regards
Je vous laisse des roses
Et mes chagrins épineux.
Dans les échancrures de mes mots,
Vous glanerez du miel
Et des tessons de fiel.
Je vous trace mon parcours de descendant de captifs
Portant la liberté sur le nez
Et la résistance dans la main droite
Chaque mot est un boulet
Lancé contre la servilité
A l’envers
De mes vers,
Cachent du chagrin, du plaisir,
Des pleurs
Et le son du lambi des subalternes.
Bois d’ebene
Si l’été est pluvieux et morne
si le ciel voile l’étang d’une paupière de nuage
si la palme se dénoue en haillons
si les arbres sont d’orgueil et noirs dans le vent et la brume
si le vent rabat vers la savane un lambeau de chant funèbre
si l’ombre s’accroupit autour du foyer éteint
si une voilure d’ailes sauvages emporte l’île vers les naufrages
si le crépuscule noie l’envol déchiré d’un dernier mouchoir
et si le cri blesse l’oiseau
tu partiras
abandonnant ton village
sa lagune et ses raisins amers
la trace de tes pas dans ses sablesle reflet d’un songe au fond d’un puits
et la vieille tour attachée au tournant du chemin
comme un chien fidèle au bout de la laisseet qui aboie dans le soir
un appel fêlé dans les herbages?
Nègre colporteur de révolte
tu connais les chemins du monde
depuis que tu fus vendu en Guinéeune lumière chavirée t’appelle
une pirogue livide échouée dans la suie d’un ciel de faubourg
Jacques Roumain
lanmou an boulatcha
Map karesew, fèw dous
Jis lanmou rive baw sekous,
Toufounenw, souse plim jew
Jis marengwen pawòl mwen yo rive mòdew
Fè zegwi lesprim pikew, pikew jis nan zo
Rale fresiw ak sansi jiskaskew redui zo ak po.
Mwen pa vin pou maryaj
Mwen sèlman anvi pran 2 nwaj.
Nous se 2 kretyen vivan diferan,
Ou pa ka vle poun gouye menm jan.
Fòk zetwal jwenn syèl poul leve,
Fòk lakansyèl jwenn koulè poul degize,
san malere laboujwazi sispann egziste.
Se pa bèl pawòl
Ni parabòl
Kitem plen pòch mwen nan trezò kèw
Banm plen kannkès mwen, banbile pandanm avèw
Paske lanmou saa an boulatcha.
(premye pati…)
Sur un toit de vent
Sur un toit de vent
Que t’est le bouclier de tes seins
Quand ma flèche t’abat comme un vautour
L’haleine des grands bois dépouille le dieu neuf
Et me voici nomade
Libre des défroques empruntées
Chargé du legs sans partage
J’arrive primitif du fond de moi-même
Que dis-tu du beau nu dans l’arène
La mer n’englobe cet élan
Près de l’arbre mûr pour l’abandon
Si ta main indique la seule étoile
Je bois la coupe du ciel
Dans la défaillance de ta chair
Ivre comme une voile en partance
N’attends le mot qui brise
Je rejette l’éloquence des feuilles en l’air
Crains la richesse du sphinx
Qui bondit
Hirsute
Dans l’or décadent des âges
Le vent des clartés lointaines
M’embarque pour le vertige sans issue
La barque vogue sur la danse des joies
D’une lune qui luit tes cuisses écartées
N’objecte la préséance de nul carquois
Sur le bord des vagues rebelles
Je dis que le fruit tombera
Dans le creux d’ombre de tes mains d’attente
Si fragiles qu’elles sont rire de gosse blessée
Pourquoi l’armoirie au front des nuits
Quand bourrasque le rythme de l’éphémère
L’écueil de ma vie
C’est la flamme de ta hanche
Qui s’enhardit aux horizons
L’aube pâlit la grâce des jeunes dents
Reconnais le pouvoir de chaque fenêtre
Rayant le désert d’une âme qui s’affronte
Le lambi somnambule sur la table
Crie l’alléluia d’une gueule sans gêne
Qui heurte la pâmoison des corps
Je vois des lendemains qui flambent
De tous les jets d’eau du monde
Fantasques comme des miroirs
Et je t’entends partir aux cascades des faunesses
Parmi ces champs dressés comme le glaive de ton sexe
paul Laraque
MA VILLE DANCE
Ma ville dance,
Un pas en avant, deux pas en arriere, elle s’avance,
Elle dance à contre-sens,
Suspendu dans la corde de l’existence,
Elle balance.
Est-ce la folie ou l’ignorance ?
Ou du moins sa joie qui est si immense ?
Elle passe et repasse ses pas,
Elle ne dance, ni le compas, ni le raras,
Sous la musique des fines pluies abattant sur son troit
Et les grandes eaux inondant les pauvres gens en bas.
Sous le doux soleil du matin qui pianote les petales des fleurs
Et les baguettes de ses rayons qui détruisent les fruits des laboureurs.
Ma ville dance,
Elle dance,
Deux pas en arrière, un pas en avant elle s’avance.
Dans le festival du hasard et de la chance,
Goch dwat, dwat goch, dwategoch, ca a quand même du sens,
Ce n’est pas insensée sa dance,
Comme un gwògman donnant lodyans
Devant un marchand de clarain, dans l’ambiance
du frivole appétit des bardots,
Sous le charme d’un après midi sans fin,
Où le soleil et la nuit se croisent en chemin,
Entre un passé historique lointain
Et un avenir incertain.
Ma ville dance,
Un pas en avant, deux pas en arrière elle s’avance,
À l’église comme dans les services des lois,
L’oisiveté fait lois,
Conséquence, malchance, ignorance,
Incompétence ou malveillance,
Toutes ces notes se combinent
Pour arranger la musique de l’existence
De ma ville,
Ville en servitude,
Ville en perpétuelle solitude.
Ville désenchantée,
Ville désespérée, camouflée
Kidnappée, déculottée, violée
Ville ensoleillée
Ville où de grands révoltés,
S’accouplent avec la bravoure pour enfanter la liberté,
Que cessent ces danses insensées !
(JEUDI JEAN VERDIN: toli)
sa sa ye sa?
sa sa ye sa?
gen yon bon ti van kap vante zorey mwen
li fèm sonje plezi ti plim poul
li fèm vle transfome
kisa sa ye sa?
waw! epa se te vwaw ti doudou.
mwen santi yon bagay sou do mwen
li soti depi dèyè tèt mwen lap glise desann
ayyy! li dous m’anvi vole
kisa sa ye la?
kèt! se pa se menw.
mwen santi bouch mwen dous
mwen pa sot bwè siwo myèl
li paka sik paskel pi dous ke sik
sa sa ye sa?
mmmm! se krache nan bouch ou.
cheriw dous,ou gou
kisa kap desann sot anlè a laa?
se tankou yon pye banbou kap danse nan bal larivyè.
ooo! epa se yon moun!
banm gade toujou,epa se ti doudou m nan kèt!
gadew kreyati
fanm blanch pa fouti chèlbè konsa
se sèl isit ki gen jèm saa,
fanm nan chèlbè,li gou,li dous
fant janm li pa gato li fè bouch powèt la koule krache.
kisa saye sa?
se fanm kèm nan
ces mains blanches sont plus noires que les miennes
ces mains blancs sont plus noires que les miennes
j’ai vu des mains ui me caresse la tête
je ne suis pas assez coquête
des mains de differentes couleures
ils cherchent plutot à faire leur beurre
ce sont des rapaces
oui,je ne crois pas en eux,ces rapaces.
ce sont eux qui m’ont matrarqué pendant 300 siècles,
ils m’ont humilié,abusé,violé,kidnapé
defilfware
plusieures fois
aujourd’hui,leurs mains ne peuvent pas plus noires que les miennes
ils veulent me carresser
me chouchouter
pour obtenir mon bobot
pourtant,pourtant,ils m’ont blessé jusqu’aux os
jeudi jn verdin,etudiant en sociologie à la fac. des sces humaines
verbojeu
Bonjour tout le monde !
Bienvenue sur Unblog.fr, vous venez de créer un blog avec succès ! Ceci est votre premier article. Editez ou effacez le en vous rendant dans votre interface d’administration, et commencez à bloguer ! Votre mot de passe vous a été envoyé par email à l’adresse précisée lors de votre inscription. Si vous n’avez rien reçu, vérifiez que le courrier n’a pas été classé par erreur en tant que spam.
Dans votre admin, vous pourrez également vous inscrire dans notre annuaire de blogs, télécharger des images pour votre blog à insérer dans vos articles, en changer la présentation (disposition, polices, couleurs, images) et beaucoup d’autres choses.
Des questions ? Visitez les forums d’aide ! N’oubliez pas également de visiter les tutoriels listés en bas de votre tableau de bord.