Keb, ant angajman ak sibvèsyon, yon lòt diskou posib.
Pwomnad
Solèy la annik fin jouke bwa
Lanmou nou al gaye,
Nan je zegwi nou fofile
Devan je granni,
Pase nan koridò payas
Tonbe sou boulva Desalin
Nou pral boukante rèv
Piye lanbisyon
Dèyè do poto limyè Channmas.
Nan trese cheve lannwit
Ak pwèl je nou
Men nou pran bandezon
Yonn ap fè palisad sou kò lòt
Ou pa ta di zandolit sou fèy bannann.
(Lòsyè pwezi pou granni)
l’exil
Konfidans
Gen yon gwo twou nwa
Nan kalfou lanmou nou,
Pèmèt mwen few yon konfidans
Menm si li ka brize kè w.
Mwen bouke kouve verite
Anba dra,
Konsyans mwen ap banm pataswèl,
Cheri, mwen twonpe w.
Mwen bouke twonpe w ak lonbraj ou
Lè somèy koupe fache ak po je m,
Mwen bouke pran lang ak lank plim
Lè lanvi jouke lespri m,
Mwen kouche ak mo yo nan tout lari
Menm sou kabann sakre a,
Cheri, kòd sekrè a kase,
Mwen marye plizyè fwa deja,
Lalin banm 17 avòtman
Nan yon sèl sezon.
2 nawè m yo pentire senti kilót
Tout flè dizè ki ponmen nan kaka chwal malere.
Mwen santi m pap gen paspouki nan je w,
Men, eseye konprann lonbrit mwen te koupe ak moso boutèy legzistans.
Toli
Jofre
Nan fant pòt la
kourandè charye retay vwa
vin depoze rakontay nan zorèy mwen.
li ranmase, pote, brase,
li bese leve, li vire,
al nan tout ti kwen,
li pa kite okenn ti jwen
ayy, li bay tout
li bay tout, san rezèv,
je fèmen, ayay dous,
li pa pot kanson l pou bèl twèl,
A fout, men van an vin fèmen pòt la,
Mwen pèdi jòf gouyad Leta
Toli
Bon voyage
Partez, partez loin de moi
Pour garder envie le souvenir d’avoir croisé;
Allez, voyagez loin
Mais laissez la bague de votre presence dans ma chambre,
Je fiancerai avec les nuages
Juste pour proteger les meubles de nos rêves.
Là où vous irez,
Ne pensez plus à moi
Pour proteger votre coeur contre le chagrin.
Allez, la vie a déjà signé ce contrat,
Seulement, laissez l’empreinte de vos yeux dans l’air
Pour valider mon souvenir.
Toli
Dekou
Nan dekou
Koukou fè fèt,
Li pase kotel vle,
Anmorèz
Pa nan kenbe tèt
Pa gen prese lè n anba kafe,
Tayo penkyè ap pouse jèm
Pou aryè sezon.
Tankou lajounen ak lannwit
Fann jou a an 2
Koukouj
Lage koukouwouj
Poul al fè de kou
Nan klere kay bondye.
Nan chita kase kou boutèy,
Gwòg gen poul mande kont,
Sot sou zepòl moute sou kou,
Chay peyi m ap fè palavire,
Tout arimè sou kou,
Tout kaptèn anvi fè 2 kou.
Monkonpè
Kou lè fè klè
Vini nou teke mab ak lide
Pou distrè sousi,
Vini non pou n fouye zo nan kalalou
Bave solèy gwosi pousyè
Nan pwen sous, Lakansyèl kraze rak,
Monkonpè rèv yo kanni
Nan dezespwa.
Yo dim se sou galta rèv diyite kwoke,
Konpè, se ak inifòm chen
Chat al nan bal kay kòmandan,
Kòk vanse vale vwa l nan chante.
Bon nanj nou kachte nan kalbas inegalite,
Kòd trip nou mare nan kabinèt monsenyè,
Nap kite tonèl kraze pou n pa chante libera
Dèyè sansi yo monkonpè?
Toli
Jistis
Gen de lè m rete mwen santi mwen ta boule solèy,
Met barikad, boule kawoutchou
sou chimen nyaj yo ki ap galope,
malerezman, latè koupe viza m.
Solèy pran po tèt mwen pou batwèl
Pou blanchi rèv,
Nyaj mete anbago pou lapli pa desann,
Peyizan tonbe nan vann sann.
Lalin pran pòz li se gid,
Kou li chanje katye li lage nou nan nwa.
Solèy toujou anvi gate gou rak nan bouch demen,
Map grenpe pye lapli
Pou m al fikse l anba je.
Si piman ta mouye bouch sanglinè,
Mwen tap griyen dan m nan tout lari,
Plede mache sou zepòl zetwal
Fè konnen mwen jwenn jistis,
Yo tap aprann limanite pa gen mèt.
Toli
Konfidans
Gen yon gwo twou nwa
Nan kalfou lanmou nou,
Pèmèt mwen few yon konfidans
Menm si li ka brize kè w.
Mwen bouke kouve verite
Anba dra,
Konsyans mwen ap banm pataswèl,
Cheri, mwen twonpe w.
Mwen bouke twonpe w ak lonbraj ou
Lè somèy koupe fache ak po je m,
Mwen bouke pran lang ak lank plim
Lè lanvi jouke lespri m,
Mwen kouche ak mo yo nan tout lari
Menm sou kabann sakre a,
Cheri, kòd sekrè a kase,
Mwen marye plizyè fwa deja,
Lalin banm 17 avòtman
Nan yon sèl sezon.
2 nawè m yo pentire senti kilót
Tout flè dizè ki ponmen nan kaka chwal malere.
Mwen santi m pap gen paspouki nan je w,
Men, eseye konprann lonbrit mwen te koupe ak moso boutèy legzistans.
Toli
machann pwason
zinga
Zetwal ap penyen plim je ti kouri,
Machwè fennen nan plan men pou l dòmi
Refleksyon ap banm siyad
Nan kòtèj bondye bon lespwa ap make parad
Tèt zòtèy tòde kako lawouze
Pou lave je talon pye
Ki sot kabicha nan labou sou tèt wòch
Siw ap gad talon pye m wap wè soulye lavi dwategòch
Rèl do m konnen tout koridò solèy pase
Pou l al kouve,
Latè bwè dlo sèl nan fontenn mwen,
Gade nan bounda pantalon m wap wè kijan m siyen.
Toli