Tach Lank, kaye #1
tach lank kaye # 1
Des fleurs et des Poèmes
Kaye # 1
Louvri baryè
Apre piblikasyon « lòsyè mo » yo, atelye flè ak powèm pran desizyon pou mete yon lòt zouti deyò pou ede vilgarize travay manm li yo. Se yon piblikasyon vityèl ki tradui epi respekte libète kreyasyon chak grenn ekriven anndan atelye a.
Yon nimewo Kaye « Tach lank » ap soti chak semèn. Li ap la tou kòm yon kanal pou ede divès otè ki pibliye deja fè pwomosyon pou zèv yo.
Li toujou bon pou nou raple atelye « flè ak powèm » se yon tantativ pou eksplwate rezo sosyal yo pandan l ap fasilite echanj nan mitan divès jèn ki gaye toupatou epi epi bay posibilite pou yo chak amelyore tèt yo.
M ap ekri powèm sa
Ak ti rès tan ki rete a
Yon jan pou m di
Pasaj mwen sou tè sa
M fèl nan tann pèlen pou zege.
M ap ekri powèm sa
Ak pil kolangyout mwen
Lang tout mo deyò.
Gòj tout fraz sèk
Chak paragraf gonw pye kase.
Map ekri powèm sa
Ak souf mwen twouse
nan janm kansonm
Diamant Noir
Tout timoun pa gen menm dwa
Genyen ki kale
grandi
pouse branch
nan 2 plan men rejwisans lavi
anvan y al fini anba tè
gen lòt menm
ki oblije manje poud tè
pou yo pa mouri grangou
Toli
Mo yo kenbe lang mwen
Nan jipon w
Y ap vòltije
Pasi pala
Tankou se kap
Van vòlè
Nan men ti moun
Christo
Mwen pap mouri pou okenn patri
Mizik lapli
Klewonnen nan zòrèy mwen
Se jwèt ti moun piti
Se van restavèk
Kap pwomennen non w nan tout lari
Ki bon zanmi m
Peter CÉNAS
Lè m nève
se tout van Nòdwès ki pyafe nan tèt mwen
lespri m douvan dèyè
epi m bliye non m
Ti kris
Klòch
Tete
Ap
Sonnen
Pa
Banm
Rekreyasyon
Ban m
Fè nwa m
Ban m blakawout mwen
Jay
Dife kale m
Lafimen alète m
Chak zetensèl ki vole
Sou vizaj mwen
Gon w latriye souri
Ki fè sezaryèn
Christo
Cheri
Ou te d im
Pa gen lanmè
Epi
Touswit
M reponn
Je w sifi pou m fè laplanch
Deewoy
Yon jou jounen an gen pou l pala
Tout sa nou fè gen pou pandye
sou tout lantiray
Tout bout mi ap fè antòs
Yon bon jou konsa
jounen an gen pou l pala
Diamant Noir
Lavi pap di w
Lanmò pap tande w
2 trèt an chatpent
Yonn chita anba zèsèl goch
Lòt la ap dodomeya sou plim je
2 kòkòday
Dèfwa yo bay lenpresyon
Yo mare fache
Lè yo deside kata sou tèt ou
Se gade w a gade tèt zòtèy
Ou k ap fikse le syèl
Christo
Fanm
M ekri w ak tout kòlè foli m
Paske lavi son kout souf
Fanm
Ou ki se souf mo m
Kite m gouye nan tout longè lantiray ou
Deewoy
M ap kangrennen
Tout zetwal
Tou nwè
Kèlkilanswa jou m ta sispèk
Sole a
Limen
Tankou je w
Christo
Ey fanm
kite dlo pwezi m wouze figi w
kite mo m yo wete lawont lèzòm sou do w
Ey fanm
kenbe manch lavi w nan men
kontinye woule lavi w
woule woule w san pèrèz
Ti kris (Bonbon siwo)
Fè yon bag ak kòd lonbrik ou
foure nan dwèt mwen
Pou w konvèti m
Apresa cheri
Tout lòt fanm ap tounen lanfè
nan pèseverans santimanm
Toli
Pou yon lapèsòn Bwa pikan
Van pa gen do ni fas
Men l kouri pase lyèv
Se pa jodi a ni yè
L ap debranche fèy
Derasinen mapou
Depatcha do kay
Van pran gran ri
Li glise desann pòtay
Van an floup li fofile bwa pikan
Li nik pantan sou lonbray ou
Flannè l bout
Li met ajenou men kwaze
Pou lanbe pye w…
Christo
Mwen se yon ti van
k ap fè balansin ak branch trip mwen
Si lanm lanmè pat bouzen
M tap mouri vyèj
Mwen se yon kalfou
tout chimen m se twou
Pla men m gwòs pou yon plim lank vomi.
Mwen se powèt
Diamant noir
Lanjelis bat
pwèl je m
m ajenou douvan pye w
M ap medite
Jouk ou kite m
gagari krache w
Pou ranpli kanari m
Chelot
Kote w pase avanyè a
Flè tout kalte pouse la
M ap priye w angras
Lè w ap pase ankò
Pa pase devan
Pa pase dèyè
Ou mèt pase sou teras lonbrik mwen.
Diamant noir
M se kenbe la kenbe la nan veye
Kè sere nan lantèman
Lougawou jou bare san po
Sirèn ki pèdi peny
M pa konn kilès
Ki banm batistè
Souf mwen se kout zegwi
ki fè bobo lavi ak lanmò
Tilus Stevenson
Rele m chen pito
Pou m pa janm gen lide
ranpe sou vant tankou mabouya tè wouj
Nan pye gwo wòch pouvwa
pou mande pasaj
Rele m chen pito
lè m grangou nan mitan lannwit
m a jape lalin
jis bajou pote kichòy
men mwen pap janm vole tankou chat
sou bout mi kay vwazinay
Toli
Patisipan prensipal yo
- Jean Verdin JEUDI (Toli)
- Witchel AZOR (Chelot)
- Christ-Falin ORALUS (Ti Kris)
- Jay
- Chrisvinan JOSEPH (Christo)
- Deewoy C DEROSIER
- Samuel CLERMONT (Diamant Noir)
- Tilus Stevenson
- Peter Cenas