Kòk Mò
Tan fele
Lòsyè mo # 6
GWOUP FLÈ AK PWEZI
Sou direksyon Jn Verdin JEUDI (TOLI)
11 oktòb 2016
Pwezi se kiyè bwa, li pa pè chalè mayi cho lide pou l antre ladan l. se nan lide sa a 6èm nimewo lòsyè mo sa a ekri. Se ekspresyon solidarite yon gwoup powèt eksprime ak viktim ouragan Matthew ki sakaje peyi a 3 ak 4 oktòb ki sot pase a. chak mo yo pote kè yo nan men devan katastwòf natirèl sa a.
Kòk Mò se kontinyite pwojè « lòsyè mo » gwoup la genyen, ki vize marande plim divès ekriven ansanm epi konstwi yon gwo mo sou yon tèm espesifik, malgre chak ekriven sa a yo gaye nan tout kwen nan peyi a.
Nou pa janm bliye raple pou lektè yo, chak ti moso tèks se yon sengilarite ki marande ansanm pou konstwi totalite zèv la.
Jean Verdin JEUDI (Toli)
Lapli kriye
Pase rèl lavi,
Dlo dyòl li menm
Mouri mò moun saf
Mò rèd
Pase tibo
Timoun piti van toufounen
Epi tout rèv
Kanyank kanyank
Pase lavant machann siwo.
R. Deewoy DESROSIERS (Dee)
Map pase rèv mwen solèy
Sou galata lavi
Pou m pa kite bave move tan
Fè l kale plichon
Sapphir MOISE (Sassou) & Toli
Gwo van pran vante
loraj ap gwonde anba gòj soutyen lavi
Lapli byen fò ap tonbe
Dlo krache labou
Pran souse tete l
Van gaye chive vil la byen gaye
Jn Papite Debrosse (vers rimé)
Bip bip
bèp bôp
kè m pa sipsann dyaloge ak zegwi revèy la
yon koze
yon ripòs
yon ti twokèt kapon chita sou tèt chajè m
Ti lapli Gonayiv
se lanmè l akouche
ou kwè ti bagay jalouzi komè jàn lan
Ta vin mouye kabann nou ankò
Ti kris
La vi isi
Se tankou yon mòso zèl ravèt
Lan bèk ti zwazo
Peter Cénas
Se ak pousyè pye w cheri
M anvi ekri yon powèm
Se ak pousyè pye w
M anvi poudre listwa m
Men, van ak lapli egzile
tout mak pye w
Selmy Accilien & Jean Verdin Jeudi
Granchimen se kote
Avni nou dòmi pye san lave
Fatra leve fimye
Nan rèv timoun lakay.
Selmy ACCILIEN
Lòt bò chimen an
Mwen kanpe
M ap koupe lakou a kout je
Si sèlman tèren an te ka bèl
Timoun nou ta pral pwomennen
Tou lè jou
Christopher JASMIN (Né d’Hier)
Peyi m
Sou do
li anbreye
Sou dan dèyè
Chak souf
Son rèl mizè
Chak gade
Son pikad san bonè
Alòs, Mizè peyi m se pa m
Baye peyi m se pa m
Pa gen eskonbrit
San blese
Ni kòkòday
San rache pwèl.
R. Deewoy Desrosiers (Dee)
Gen mouri
Gen peri
Men ayiti
Sa pa nan batistè w
Kite van lespwa vante
Kòmkidire
M te pot souf ou
Anba yon filang zetwal
R. Deewoy Desrosiers (Dee)
Ri non
Ri m byen van
Mak kout zong ou
Ret tou vivan
Nan machwè legzistans
Ou pa ta di sikatris
kafondi cho
Chichadò peze nan lespri restavèk
Jean Verdin Jeudi (Toli)
Tan vire
lanvè
anpil je
pèdi popyè
nyay se
chapo
sou gran rivyè.
Samuel CLERMONT (Diamant Noir)
Lè w pise
Nan kabann
Bon bondye k ap siveye
Pou pise w pa bwote w
Tilus STEEVENSON
Van
Se wonf agawou
lapli
se pise simbi
lavalas
se kout estènen
papa bondye.
Samuel CLERMONT (Diamant Noir)
Solèy bwè dlo
Nan tou wòch lespwa n
Chagren lavi neye po je n
Pou fènwa fè bras
Nan soufrans nou.
Marc Louverture
Van kouri
Kou moun fou
Mande kote l ap bout
Lè w mande zetwal
li di w li bwè pwa
Selmy Accilien
Syèl la pandje m tèt anba
Bay lapli pise nan nen m
yon ti pye bwa dchenn
pase men nan kou m
li di m lavi bwa ak moun se yon chenn
Christopher JASMIN (Né d’Hier)
Van an tonbe fè
Laviwonn sou plim je w
Pa ret branch bwa ki kwoke
Pa rete anyen sou tè
Sa m wè se yon lo fèy vèt
Pesonn paka achte
Christopher JASMIN (Né d’Hier)
Vil yo
Ap bwè dlo
Lonbrik yo
ap mouri
Swaf dlo
Leta menm ap teke mo
Tilus STEEVENSON
Woch lanmè
Bouyi
Loray gwonde
lavi ponpe
Lakansyel pyafe
Lanmò Kreve lobidjèt peyi m
Ak yon grenn dwèt lapli
Perle Noire
Vil yo sanzabri
Gout pa gout van
Bwote lespwa n.
Anvan solèy lave je
Lanati te gentan ap kriye san
Pou malè pandye sou tèt vil la
Vil la kouche sou do
Ap rete tann manzè lapli
Bwote Rèv li pote ale nan peyi pèdi.
Wincy LINDOR (Univers de Mot)
Bwote van
Souflete sa w jwenn
Make kay la
Make tè a
Make bounda kèk tèt mòn
Leta a resi met pantalon
Christopher JASMIN (Né d’Hier)
Van
lapli
loraj
zèklè
se twoubadou
fèy twonpèt.
Samuel CLERMONT (Diamant Noir)
Move tan
Fè w tann tanga w
Nan gran chimen
Men, rigòl dlo
Pa bezwen kouri bri lanmò
Nan endispozisyon pye wozo
Jean Verdin Jeudi (Toli)
Lespwa tann
Sou figi timdanm sila a,
Rèv li kwoke
Nan tche wòb lanmò
K ap fè l grimas
Saraphia MOISE (Sassou)
Yon lavalas dlo pase tcheke m
Rapousib mwen rive nan letan
Manman m kwoke sou yon pye kokoye
Yon ti frè m atè.
Sa m pa fè nan letan
Ti pyès kay la fè l nan lanmè
Christopher JASMIN (Né d’Hier)
Ti kle monte
ti kle desann
tout rèv al lobeye
nan didan lanmè
Samuel CLERMONT (Diamant Noir)
Lanmè soufle bouji
Nan pye kalbas van
K ap bwote tout rêv kòmè
Lavi
vann manzè lanmò
kay chanpwèl gwo midi
Tankou pwason
kap gouye lavéy Vandredi
Anba onondipè Lavi
Perle Noire
Matye pichkannen syèl la
Lapli tonbe
Sou do peyi n
Jeneral lanmò kouche
Ap gade souf kretyen
K ap fofile glise nan twou panno
Feguerson (Fegg)
Ti kwen
syèl pa chich
latè tifle
ak graten.
Samuel CLERMONT (Diamant Noir)
syèl la baye
kivèt peyi m
plen ragagann
tout chen bwè dlo nan nen
bave syèl la glise desann
lage tout vye vlen
sou biskèt site a.
witchel AZOR ( chelot 1503)
Tan an fele
anba bounda
tout goutyè
santi lanmò.
Samuel CLERMONT (Diamant Noir)
Kè m tann
lòt bò lantouray
sou yon pil rèv
tanpri Diva
dekwoke l
ploye l
fourel nan pa w
pou move tan
pa angoudi lanmou nou
Diamant noir & Toli
Lis patisipan yo
- Christopher JASMIN
- Feguerson
- Jean Papite Debrosse
- Jean Verdin Jeudi
- Marc Louverture
- Perle Noire
- Peter CENAS
- R. Deewoy DESROSIERS
- Samuel CLERMONT
- Saphire MOÏSE S
- Selmy ACCILIEN
- Tilus STEVENSON
- Tikris
- Wincy LINDOR
- Witchel AZOR